Have a question?
Message sent Close

Istwa Aprann Fasil

Aprann Fasil se yon platfòm edikatif kreyòl ki te fonde pa Wanky Massenat, yon jèn pwofesyonèl pasyone de medsin, teknoloji, ak devlopman pèsonèl. Apre plizyè ane ap sèvi kominote a atravè kontni edikatif sou YouTube ak pwogram fòmasyon sou entènèt, li remake yon bezwen ijan: mank aksè a bon jan fòmasyon dijital an kreyòl ayisyen.

Se konsa lide Aprann Fasil la te fèt — yon espas kote pwofesyonèl ayisyen kapab mete kou yo sou entènèt, ofri fòmasyon gratis oswa peyan, epi ede etidyan ayisyen aprann san baryè lang, tan, ni kote.

Platfòm nan pèmèt tout moun, kèlkeswa nivo yo, aprann nan pwòp ritm yo, jwenn sètifika, epi devlope konpetans ki itil nan lavi pwofesyonèl yo.

Pou Pwofesè yo

Sou Aprann Fasil, pwofesè yo kapab:

  • Kreye pwòp pwofil yo

  • Mete kou gratis oswa peyan

  • Jere etidyan yo

  • Swiv pwogrè ak estatistik aprantisaj

Nou kwè chak pwofesyonèl gen yon bagay pou pataje — e Aprann Fasil la pou pèmèt sa rive.

Pou Etidyan yo

Etidyan yo kapab enskri fasil, suiv kou nan telefòn oswa òdinatè, epi jwenn sètifika lè yo fini.
Yo jwenn kou nan diferan domèn:

  • Medsin

  • Teknoloji

  • Biznis

  • Devlopman pèsonèl

  • Lang ak plis toujou.

masterstudy_placeholder
masterstudy_placeholder

Certifications

Google Certified
Microsoft Certified
Apple Certified