Istwa Aprann Fasil
Aprann Fasil se yon platfòm edikatif kreyòl ki te fonde pa Wanky Massenat, yon jèn pwofesyonèl pasyone de medsin, teknoloji, ak devlopman pèsonèl. Apre plizyè ane ap sèvi kominote a atravè kontni edikatif sou YouTube ak pwogram fòmasyon sou entènèt, li remake yon bezwen ijan: mank aksè a bon jan fòmasyon dijital an kreyòl ayisyen.
Se konsa lide Aprann Fasil la te fèt — yon espas kote pwofesyonèl ayisyen kapab mete kou yo sou entènèt, ofri fòmasyon gratis oswa peyan, epi ede etidyan ayisyen aprann san baryè lang, tan, ni kote.
Platfòm nan pèmèt tout moun, kèlkeswa nivo yo, aprann nan pwòp ritm yo, jwenn sètifika, epi devlope konpetans ki itil nan lavi pwofesyonèl yo.
Pou Pwofesè yo
Sou Aprann Fasil, pwofesè yo kapab:
-
Kreye pwòp pwofil yo
-
Mete kou gratis oswa peyan
-
Jere etidyan yo
-
Swiv pwogrè ak estatistik aprantisaj
Nou kwè chak pwofesyonèl gen yon bagay pou pataje — e Aprann Fasil la pou pèmèt sa rive.
Pou Etidyan yo
Etidyan yo kapab enskri fasil, suiv kou nan telefòn oswa òdinatè, epi jwenn sètifika lè yo fini.
Yo jwenn kou nan diferan domèn:
-
Medsin
-
Teknoloji
-
Biznis
-
Devlopman pèsonèl
-
Lang ak plis toujou.
Enspirasyon Dèyè Platfòm Nan
Wanky Massenat te toujou kwè ke konesans se pi gwo zouti liberasyon yon pèp.
Kòm medsen ak antreprenè dijital, li konbine eksperyans li nan edikasyon, teknoloji, ak kominikasyon pou kreye yon sistèm ki mete aprantisaj nan men chak Ayisyen, kote yo kapab aprann fasil, vit, epi an kreyòl.
Aprann Fasil se pa sèlman yon sitwèb — se yon mouvman edikatif ayisyen ki vize louvri pòt pou jenerasyon kap vini yo.
Nou reve yon Ayiti kote chak jèn gen aksè a aprantisaj modèn, ak zouti ki pèmèt yo chanje lavi yo.
Nou vle fè Aprann Fasil tounen referans edikatif dijital pou tout Ayisyen nan mond lan — yon pon ant konesans, devlopman ak pwogrè.
Nou nan yon misyon pou demokratize edikasyon an Ayiti.
Nou vle bay chak Ayisyen posiblite pou jwenn fòmasyon kalite, nan pwòp lang yo, san bezwen vwayaje oswa depanse anpil.
Aprann Fasil bati pou pwofesè pataje konesans yo ak etidyan ap grandi avèk opòtinite reyèl.
Certifications